Kijan pou pote plent (How to File a Complaint)
Pou pote plent, tanpri kontakte biwo rejyonal ki pi pre ou a. Klike la a pou jwenn biwo rejyonal ki pi pre ou a. Ou kapab mande yon fèy pou plis enfòmasyon sou jan pou pote plent.
SI OU SANTI YO TE FÈ DISKRIMINASYON KONT OU … Klike la a pou telechaje fòmilè la epi poste li nan biwo rejyonal ki pi pre ou a.
...akoz de ras, kwayans, koulè, orijin nasyonal, preferans seksyèl, estati militè, sèks, laj, eta sivil, estati viktim vyolans domestik, andikap, predispozisyon karakteristik jenetik oubyen arestasyon oubyen dosye kondanasyon ou te genyen avan, oubyen si ou kwè ke yo te pran revanj kont ou paske ou te kont pratik ki fè diskriminasyon ilegal, ou gendwa kapab pote yon plent ak Divizyon Dwa Moun Eta Nouyòk a. Lwa sou Dwa Moun Eta Nouyòk entèdi diskriminasyon nan travay, aprantisay ak fòmasyon; acha ak vant lojman ak espas komèsyal; espas ki genyen akomodasyon piblik, kote pou repoze ak amizman; sa ki san patipri; enstitisyon edikatif ki pa peye taks; ak tout tranzaksyon kredi.
Jan Pou Pote Yon Plent:
1. Ou kapab telechaje yon fòmilè plent. Lè ou fin ranpli, siyen ak notarye fòmile plent la ou kapab voye li bay biwo rejyonal Divizyon Dwa Moun ki pi pre a . Pa genyen frè pou depoze fòmilè la. Ou kapab pran yon avoka prive, men li pa nesesè. Ou kapab pote yon plent avan yon lane aprè diskriminasyon ilegal la.
Pou nou ede depoze plent ou a pare vit tanpri pou bannou enfòmasyon sa yo :
a. Bay non, tit, adrès, ak nimewo telefòn tout moun ou di ki te fè diskriminasyon kont ou yo.
b. Bay fotokopi nenpòt dokiman ki soutni akizasyon ou te fè nan plent ou a.
c. Si li posib, bay non ak adrès kòrèk nenpòt temwen ki te wè zak diskrimimasyon (yo) ou di a.
Pwosedi ankèt :
Biwo rejyonal la pral :
1. Resevwa plent diskriminasyon ou a epi notifye defandè an (yo).
(Yon defandè se yon moun oubyen konpayi w ap pote plent sou aksyon li). Si ou pa ka fè li poukontou, yo a prepare yon plent pou ou epi voye li ba ou pou ou revize ak notary siyati ou.
2. Rezoud zafè moun lè gen pwoblèm pou konnen ki enstans oswa ki tribinal ki konpetan .
3. Apre, si ou mande nou li, n ap voye yon kopi plent ou a bay Komisyon Egalite chans tout moun pou jwenn travay (EEOC) la oubyen bay Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini (HUD).
4. Ankete grasa metòd ki apwopriye a (demann pa ekri, envestigasyon sou leteren, konferans pou fè envestigasyon, elatriye.)
5. Detèmine si genyen yon baz jiridik pou panse yo te komèt yon zak diskriminasyon , epi notifye ou ak defandè an alekri.
Pwosedi apre yon ankèt :
Si yo twouve pa genyen koz pwobab, oubyen mak jiridiksyon, yo ap rejte zafè a epi moun ki pote plent la kapab fè apèl devan Kou Siprèm Eta a avan 60 jou.
Odyans Piblik :
1. Yon avoka divizyon oubyen ajan pral prezante ka a pou soutni plent la oubyen ou kapab chwazi yon avoka deyò.
2. Yo ap bay yon Avi pou Odyans. Yo kapab ajoune ka a sèlman si gen yon rezon ki valab.
3. Yon Jij Dwa Administratif prezide sou odyans la. Li kapab dire yon jou oubyen plis.
4. Y ap prepare yon Lòd Preskri epi voye li bay moun ki konsèse yo pou kòmantè.
5. Lòd yon Komisè gendwa swa anile plent la oubyen l ap konkli yo te komèt yon zak diskriminasyon. Si li deside gen yon zak diskriminasyon yon mou te komèt, Komisè a gen dwa mande defandè an pou li sispann epi renonse sa y ap fè a ak pran aksyon ki apwopriye. Divizyon an gen dwa pase lòd pou domaj ak/oubyen ranbousman. Nenpòt nan moun ki konsène yo gen dwa fè apèl devan Tribinal Kou Siprèm nan avan 60 jou.
Avan yon ane, Depatman Envestigasyon Konfòmite an ap envestige si defandè an te konfòme li ak provizyon lòd la.