Kreyòl ayisyen (Haitian Creole)

Mission Statement
Misyon

Nouyòk fyè de distenksyon li kòm premye eta nan peyi a ki te pase yon Lwa sou Dwa Moun, ki bay tout sitwayen « menm opòtinite a pou jwi yon vi ki konplè ak pwodiktif ». Lwa sa a anpeche diskriminasyon nan travay, lojman, kredi, espas ki genyen akomodasyon piblik, ak enstitisyon akademik san patipri, akòz de laj, ras, orijin nasyonal, sèks, preferans seksyèl, eta sivil, andikap, sitiyasyon militè ak lòt klas ki endike .

Divizyon Dwa Moun Eta Nouyòk la te kreye pou ekzekite lwa enpòtan sa a. Misyon ajans la se pou asire ke « chak moun...genyen menm opòtinite pou patisipe konplètman nan vi ekonomik, kiltirèl ak entèlektyèl Eta a. » Li fè sa plizyè fason, tankou:

Pouswiv ak denonse pratik ki fè diskriminasyon ilegal devan lajistis;

Resevwa, envestige ak rezoud plent kont diskriminasyon; K

reye etid, pwogram, ak kanpay pou, pami lòt bagay, enfòme ak edike piblik la sou efè diskriminasyon ak dwa ak obligasyon selon la lwa a; ak

Devlope règleman sou dwa moun ak kreye lwa pou Eta a.